Dedicated to Discovery. Committed to Care.

Community Outreach

Mammography Van

Frequently Asked Questions (Kreyòl)


women talking in Dana-Farber's Mammography Van

"Sou chemen bòn santé"


Dana-Farber's Mammography Van ofri mamogram pou yon tikras kòb ak edikasyon sou lasanté pou tout fanm, ki gen asirans oswa ki pa gen asirans, san yo pa gadé si yo ka peyé ou pa. Nou vwayajé al nan tout katyé Boston yo — nenpòt koté fanm reté, ak nenpòt koté fanm ap travay — pou nou fè yon mamogram pi fasil, pi amikal, pi vit ké posib pou OU. Sèlman siveyé otobis la ki gen gwo riban roz la!

Pouki pou m fè yon mamogram chak ané?

Yon mamogram (radyografi tété ya) sé pi bon mwayen pou yo detekté kansè nan tété byen bonè, lè gen plizyè bon chwa pou trètman. Fè l poutèt ou, fè l pou fanmi w...fè yon mamogram chak ané, se pa yon sèl fwa!

Kilès ki ka fè mamogram nan otobis la?

  • Fanm ki gen 40 an oswa pi plis
  • Fanm ki pat fè yon mamogram nan 12 dènyé mwa yo
  • Fanm ki pa gen pwoblèm nan tété-l epòk sa
  • Fanm ki gen asirans oswa ki pa genyen
  • Fanm ki gen yon moun ki pran swen-l (doktè oswa enfimyè). Si w pa gen yonn, n ap byen kontan pou nou ede w jwenn yonn anvan randevou mamogram lan.

Kilès ki ap travay nan otobis la?

Pwofesyonèl lasanté ki sousyé yo pou moun epi k gen eksperyans ki soti nan Enstiti Kansè Dana-Farber ya, Edikatè sou lasanté kominotè ak Entèprèt médikal… mouté nan otobis la epi di yo alo! Sé radyològ sètifyé ki nan Dana-Farber ki ap li fimm mamogram yo.

Kijan m ka anrejistré?

Ou dwé anrejistré davans. Relé nou pou w konnen si otobis mamografi ya sé koté ki pibon pou ou. Nou ta renmen tandé w!

Dana-Farber's Mammography Van

(617) 632-1974

Se habla Español.
Nou palé Kreyòl.

Mobile Health

woman entering Boston's Mammography Van

The Mobile Health program brings together the Blum Van and the Mammography Van for more integrated community health care.

Where to Find Us

map of communities served by the Mammography Van

The Mammography Van visits many Boston communities. See a map (PDF) of some of our locations.